SOLISYON LEGAL NAN VAN HORN LAW GROUP

Avoka Fayit Sid Florid nou an, ki Sètifye devan Konsèy, Kapab Ede Ou jwenn Pi Bon Solisyon Legal La Pou Sitiyasyon Ou

Nan Van Horn Law Group, nou ofri estrateji pratik pou diminye estrès ou ak pou ede ou retounen sou de pye ou byen vit, kèlkeswa sa w ap travèse a. Avoka fayit Konte Broward nou an nan Fort Lauderdale, Konte Miami-Dade, ak Konte Palm Beach, pran angajman pou ede ou rezoud pwoblèm legal ou yo epi fè depo fayit avèk sis anplasman pratik, sa gen ladan senk biwo satelit nan tout Sid Florid.

Van Horn Law Group ofri yon metòd ki diferan pou travay avèk kliyan epi ede yo atenn objektif yo. Nou pran angajman pou ede gide kliyan nou yo jwenn solisyon ak pwoblèm finansye yo, sa gen ladan soulajman dèt, fayit, ak pwosesis sezi, kèlkeswa dregre ka a konplike. Avoka fayit Konte Broward nou an nan Fort Lauderdale, Miam-Dade ak Palm Beach pwospere kote lòt yo echwe.

Avoka fayit nou an nan Miami Dade, Broward ak Palm Beach ede fè yon diferans nan lavi kliyan nou yo, paske nou kapab reyisi kote lòt yo pa vle oswa pa kapab okipe pwoblèm ki konsène a. Nou dedye tou pou sèvi kominote kote n ap viv ak travay yo, pi lwen pase jis travay pro bono pou fè don tan nou, paske nou ofri sipò finansye epi ede avansman kòz òganizasyon ak moun k ap chèche amelyore kominote nou yo.

  • Fayit Pèsonèl

    Fayit pèsonèl ka elimine dèt ki pa garanti oswa ede ou ranbouse dèt ou yo.

  • Fayit Biznis

    Fayit biznis ka ede ou likide biznis ou an oswa ranbouse dèt biznis ou an.

  • Solisyon Prè Etidyan yo

    Solisyon abòdab pou prè etidyan yo ka ede ou ekonomize lajan epi peye dèt ou.

  • Solisyon Dèt yo

    Avoka nou yo ka ede ou jwenn pi bon solisyon yo pou dèt yo pou elimine oswa pou redui dèt ou.

  • 2800+
    Chapter 7 Bankruptcy Filings
  • 185+
    Chapter 11 Bankruptcy Filings
  • 1500+
    Chapter 13 Bankruptcy Filings
  • 4500+
    Total Bankruptcy Matters
  • 99%
    Discharge Rate

Over 100 Awards & Recognitions

  • ft lauderdale bankruptcy attorney
  • ft lauderdale bankruptcy attorney
  • ft lauderdale bankruptcy attorney
  • ft lauderdale bankruptcy attorney
  • ft lauderdale bankruptcy attorney
  • ft lauderdale bankruptcy attorney

Lavi Dèt la

Tcheke liv anpil siksè 2020 Chad Van Horn lan, The Debt Life (Lavi Dèt), yon koleksyon istwa vrè ki montre teknik ki pwouve pou diminye fado ak estrès dèt lakòz. Liv enkwayab sa a te ateri sou lis liv Amazon ki gen anpil siksè nan sèlman 24 èdtan apre yo mete l pou lavant. Van Horn diskite sou solisyon pratik pou ede biznis ak moun jwenn wout yo pi lwen pase “lavi dèt la” pou vin nan estabilite finansye ak meyè lapè nan tèt yo.

Lavi Dèt la kouvri yon pakèt kalite domèn pwoblèm finansye, sa gen ladan jwèt daza, dèt kat kredi, depans medikal sanzatann, adiksyon nan fè acha, divòs, prè etidyan, ak achte byen imobilye pou revann pou fè pwofi. Van Horn eksplike tou konsèy ak teknik pou soti anba dèt, sa gen ladan negosyasyon, rediksyon bidjè, konsolidasyon, jesyon dèt, ak opsyon fayit.

JWENN RESOUS GRATIS
Chad Van Horn

Kisa Ki Fè Van Horn Law Group Diferan

Devouman. Eksperyans. Rezilta yo. Kèlkeswa degre pwoblèm lan konplike, avoka prè etidyan nou yo, avoka fayit nan Fort Lauderdale, avoka fayit nan Miami Dade ak avoka yo nan Palm Beach, sèvi ak konesans ak teknik jiridik ekspè yo a pou jwenn pi bon rezilta ki posib pou ou oswa pou biznis ou.

Van Horn Law Group se pi gwo kabinè avoka pou fayit nan Konte Broward baze sou ka ki depoze nan 12 dènye mwa yo (www.pacer.gov) epi se youn nan prensipal kabinè pou deklare fayit nan peyi a. Kabinè nou an te klase tou nan Inc. magazine nan pami 5,000 konpayi prive kwasans ki pi rapid Ozetazini an 2019 ak 2020.

Loading...

~ Loading...

Loading...

~ Loading...

Fè konesans avèk Avoka nou yo ak Ekip Sid Florid nou an

Ekip Van Horn Law Group lan gen ladan meyè avoka prè etidyan yo, avoka fayit nan Fort Lauderdale, avoka fayit nan Miami Dade ak Palm Beach ki pale plizyè lang, Anglè, Panyòl ak Kreyòl. Avoka nou yo nan Fort Lauderdale, West Palm Beach, Miramar, Doral, North Miami ak Miami Lakes ka ede ou jwenn libète ak dèt ou yo. Pran yon moman pou fè konesans ak nou pi byen. Ekip nou an gen anpil ane ekspètiz epi li devwe pou ofri solisyon jiridik.

Chad Van Horn

Chad Van Horn, Esq.

Asosye Jeran

Antanke chèf antrepriz nan Sid Florid ak avoka patnè fondatè Van Horn Law Group, P.A., Chad Van Horn, Esq. ak ekip avoka devwe li yo ki espesyalize nan prè etidyan, avoka fayit, paralegal ak estaf li te ede fè Van Horn Law Group vin pi gwo kabinè avoka fayit nan Konte Broward. Chad Van Horn tou se yon otè pibliye avèk yon liv ki gen anpil siksè, The Debt Life (Lavi Dèt).

AVOKA BYO
John Voss

John Voss, Esq.

Avoka Fayit

John Voss, Esq. te gradye kòm dezyèm pi byen klase (salutatorian) nan College of Law Florida International University pandan l ap travay a plentan pou yon kabinè avoka ki espesyalize nan fayit. Li te vin nan pwofesyon avoka pita nan lavi l epi kounye a li konsantre sou fayit, soulajman dèt ak imigrasyon, paske li renmen ede moun ki reyèlman bezwen èd. Voss genyen tou yon MBA ak yon diplòm premye sik nan University of Connecticut.

AVOKA BYO

Kesyon yo Poze Souvan

Si ou gen difikilte avèk finans ou, lè sa fayit ta ka chemen pou pran an. Nou rekòmande pou travay avèk avoka fayit nou an nan Miami Dade, Broward ak Palm Beach pou aprann plis sou fayit ak lòt opsyon solisyon dèt epi detèmine kisa ki bon opsyon an pou ou. Men kèk repons pou kesyon yo poze nou pi souvan pou ede ou pran desizyon pi byen ak pou ou plis enfòme sou ka jiridik ou.

  • Kesyon yo Poze Souvan Sou Fayit Pèsonèl

    Q. Konbyen tan sa pran anjeneral pou depoze yon fayit pèsonèl Chapit 7?
    A. Tout pwosesis fayit Chapit 7 la anjeneral pran apeprè kat a sis mwa soti nan konsèy sou kredi jouk rive nan pwen kote tribinal la libere rès dèt ou yo. Fayit ou ka pran plis tan si mandatè fayit lan mande pou ou soumèt dokiman anplis oswa pou vann pwopriyete ou.
  • Kesyon yo Poze Souvan sou Fayit Biznis

    Q. Kijan yon fayit antrepriz Chapit 7 fonksyone?
    A. Yon fayit biznis Chapit 7 pa pèmèt operasyon yon LLC oswa sosyete an kontinye, kidonk ou dwe fèmen konpayi ou an. Apre ou fin depoze fayit biznis lan, mandatè fayit lan pral vann byen biznis ou an epi voye lajan an bay kreditè ou yo ak kolektè ou yo.
  • Kesyon yo Poze Souvan sou Modifikasyon Prè

    Q. Kisa modifikasyon prè ye?
    A. Modifikasyon prè vle di yon chanjman yon pretè fè nan kondisyon aktyèl prè an, sa gen ladan yon diferan kalite prè, yon ekstansyon pou kantite tan pou ranbousman, yon diminisyon nan to denterè a, oswa yon konbinezon bagay sa yo. Anprentè yo anjeneral travay avèk yon avoka oswa konpayi pou yo negosye.
  • Kesyon yo Poze Souvan sou Dèt Prè Etidyan

    Q. Ki opsyon ranbousman mwen gen pou prè etidyan mwen?
    A. Gen plizyè opsyon diferan pou ranbousman ak solisyon dèt yo pou dèt prè etidyan yo, selon kalite prè ou genyen an ak objektif ou pou fin peye prè etidyan ou yo. Nou rekòmande pou konsilte yon avoka fayit nan Van Horn Law Group.

Nouvèl aktyèl sou Fayit, Prè Etidyan, Soulajman Dèt ak Plis Toujou

Loading...